Close Menu
TektekTektek
  • Accueil
  • TEKTEK
  • Bon a Savoir
  • À propos de TekTek
  • Contact
Facebook X (Twitter) Instagram YouTube WhatsApp TikTok Threads
Trending
  • Editoryal : Chanje Imaj Ayiti sou Entènèt
  • Atak Ransomware yo ak Pwoblèm Sekirite Enfòmatik pou ane 2024 la
  • Anak “Testlight” : Kijan yon gwoup eskrok ap vòlè kont Facebook moun yo e plis ankò
  • Yon Bug nan Microsoft Word ki efase dokiman lè w ap eseye sovgade li
  • Yon fay nan yon pòtay sou entènèt ekspoze milyon machin konekte a atak sibènetik
  • Pou konprann vreman sans Entèlijans Atifisyèl men 4 Emisyon Enpòtan TekTek Ou Dwe Gade
  • Moun ki kreye Entelijans Atifisyèl yo pè pou nou pa pèdi kontwòl li
  • Entèlijans Atifisyèl: Eske Nou Pral Tou dwat nan yon Katastwòf san parèy?
Facebook X (Twitter) Instagram YouTube WhatsApp TikTok RSS
TektekTektek
  • Accueil
  • TEKTEK
  • Bon a Savoir
  • À propos de TekTek
  • Contact
TektekTektek
Home » Anak “Testlight” : Kijan yon gwoup eskrok ap vòlè kont Facebook moun yo e plis ankò
Non classé

Anak “Testlight” : Kijan yon gwoup eskrok ap vòlè kont Facebook moun yo e plis ankò

John BOISGUENEBy John BOISGUENE18 October 2024Updated:8 November 2024No Comments0 Views
Facebook Twitter Pinterest LinkedIn WhatsApp Reddit Tumblr Email
Nous suivre
Facebook X (Twitter) Instagram YouTube WhatsApp TikTok
Patajel
Facebook Twitter LinkedIn Pinterest Email Bluesky Telegram WhatsApp Threads

Nan mond dijital la jounen jodi a, gen anpil anak kap fèt, e pèp Ayisyen an pa epanye. Youn nan anak ki fèk parèt se sa yo rele “Testlight”, kote eskro yo ap eseye vòlè enfòmasyon kont Facebook moun, men sa pa rete la. Yo ka vize lòt enfòmasyon sansib oswa kont sou rezo sosyal ak sèvis sou entènèt. Metòd sa a sèvi pou fè viktim yo bay modpas ak non itilizatè yo, e eskrok yo ka pran kont yo e menm vòlè lòt bagay enpòtan.

Kijan anak “Testlight” la mache?

Anak sa a fèt pou sanble serye e pwofesyonèl, ak metòd ki ka fasil fè moun kwè. Men kijan yo fè sa:

1.Envitasyon pou rantre nan yon pwogram tès

Eskrok yo kontakte moun yo pa mesaj, sitou sou rezo sosyal tankou Facebook oswa WhatsApp. Yo fè moun kwè yo ka rantre nan yon pwogram tès pou yon aplikasyon oswa yon sèvis espesyal. Yo ka menm pwomèt rekonpans oswa fonksyonalite avanse pou ankouraje moun aksepte.

2.Redireksyon sou yon fo paj login Facebook

Apre yo fin aksepte, eskro yo voye moun nan sou yon sit entènèt ki sanble ak paj login ofisyèl Facebook la. Paj sa a mande pou mete adrès imel ak modpas, e yo fè moun kwè sa nesesè pou rantre nan pwogram tès la.

3.Vòlè enfòmasyon login Facebook ak plis ankò

Le viktim nan mete modpas ak adrès imel li, eskro yo sovgade enfòmasyon sa yo e yo ka pran kont Facebook la. Men, sa pa sispann la. Eskro yo ka itilize menm enfòmasyon sa yo pou vize lòt kont ou genyen.

Eskro yo ka vòlè plis pase kont Facebook ou

Arnaque “Testlight” la pa limite sèlman nan vòlè kont Facebook. Men kèk lòt bagay eskro yo ka vize:

•Lòt Kont rezo sosyal : Yo ka eseye pran kont Instagram, Twitter, TikTok, oswa lòt rezo sosyal kote ou itilize menm modpas oswa enfòmasyon login ak kont Facebook ou.

•Enfòmasyon pèsonèl: Eskro yo ka vòlè done tankou adrès imel, nimewo telefòn, ak lòt enfòmasyon sansib. Yo ka sèvi ak sa yo pou lòt anak oswa menm vann yo sou entènèt la.

•Kont imel: Si eskro yo jwenn aksè nan imel ou, yo ka rekipere modpas lòt kont ou genyen, tankou kont bank oswa sèvis sou entènèt.

•Enfòmasyon finansye: Si kont ou gen lyen ak detay sou kat kredi, PayPal, oswa lòt sèvis peman, eskro yo ka fè tranzaksyon san pèmisyon w oswa menm vòlè lajan ou.

•Kont biznis oswa paj administratè: Si w administre yon paj biznis oswa kominotè, eskro yo ka pran kontwòl paj sa yo pou fè pwomosyon arnak yo oswa mande lajan nan men abonnés ou yo.

Konsekans pou viktim yo nan peyi Ayiti

Nan peyi Ayiti, kote anpil moun sèvi ak Facebook pou kominike, pataje nouvèl, e fè biznis, pèdi kont ou ka genyen anpil konsekans negatif. Sa ka lakòz:

•Vòl enfòmasyon pèsonèl sansib, tankou nimewo telefòn oswa enfòmasyon finansye.

•Volè idantite, kote eskrok yo fè moun kwè se ou menm ki ap pale ak zanmi ak fanmi w.

•Pirate paj pwofesyonèl ou oswa kominotè w yo, si yo lye ak kont pèsonèl ou, sa ka fè imaj ou oswa aktivite w yo domaje.

Kijan pou pwoteje tèt ou kont arnaque “Testlight” la?

Pou evite vin yon viktim, swiv konsèy sekirite sa yo:

•Pa janm pataje enfòmasyon login ou sou sit ki pa ofisyèl. Toujou verifye URL la avan ou antre enfòmasyon w yo.

•Sèvi ak otantifikasyon de etap (2FA) pou ogmante sekirite kont ou. Sa ap fè li pi difisil pou eskrok yo rantre nan kont ou, menm si yo genyen modpas ou.

•Rapòte tout tantativ arnaque bay Facebook. Sa ap ede pwoteje lòt itilizatè yo e anpeche eskrok yo kontinye ak aktivite yo.

Ann rete vijilan epi swiv konsèy sa yo pou nou ka pwoteje tèt nou kont arnak sa a ak lòt menas sou entènèt. Fè zanmi ak fanmi w konnen yo dwe toujou verifye enfòmasyon anvan yo rantre nan pwogram oswa sèvis sou entènèt. Sonje byen, nan mond dijital la, pi bon pwoteksyon se prevansyon.

Nous suivre sur Facebook Nous suivre sur X (Twitter) Nous suivre sur Instagram Nous suivre sur YouTube Nous suivre sur WhatsApp Nous suivre sur TikTok Nous suivre sur Threads
Share. Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr Telegram Email
John BOISGUENE

Articles connexes

Atak Ransomware yo ak Pwoblèm Sekirite Enfòmatik pou ane 2024 la

24 October 2024

Yon Bug nan Microsoft Word ki efase dokiman lè w ap eseye sovgade li

11 October 2024

Yon fay nan yon pòtay sou entènèt ekspoze milyon machin konekte a atak sibènetik

30 September 2024
Leave A Reply Cancel Reply

Denières Publications

Editoryal : Chanje Imaj Ayiti sou Entènèt

6 December 2024

Atak Ransomware yo ak Pwoblèm Sekirite Enfòmatik pou ane 2024 la

24 October 2024

Anak “Testlight” : Kijan yon gwoup eskrok ap vòlè kont Facebook moun yo e plis ankò

18 October 2024

Yon Bug nan Microsoft Word ki efase dokiman lè w ap eseye sovgade li

11 October 2024
Dernière Article

Editoryal : Chanje Imaj Ayiti sou Entènèt

6 December 20240

Atak Ransomware yo ak Pwoblèm Sekirite Enfòmatik pou ane 2024 la

24 October 20240

Anak “Testlight” : Kijan yon gwoup eskrok ap vòlè kont Facebook moun yo e plis ankò

18 October 20240

Yon Bug nan Microsoft Word ki efase dokiman lè w ap eseye sovgade li

11 October 20240
Restez Informé
  • Facebook
  • X
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
TEKTEK

Votre source d’information dédiée à la technologie, à l’innovation et à la culture numérique en Haïti. TekTek informe, analyse et vulgarise les enjeux technologiques qui façonnent notre époque. Notre mission est de rendre le numérique compréhensible, accessible et utile au plus grand nombre.
Nous acceptons actuellement de nouveaux partenariats.
Email : info@01tektek.com
Contact : (+509) 3903-8181

Nos Choix

Editoryal : Chanje Imaj Ayiti sou Entènèt

6 December 2024

Atak Ransomware yo ak Pwoblèm Sekirite Enfòmatik pou ane 2024 la

24 October 2024

Anak “Testlight” : Kijan yon gwoup eskrok ap vòlè kont Facebook moun yo e plis ankò

18 October 2024
Les articles les mieux notés
© 2026 JobosoftwareTEKTEK.

Type above and press Enter to search. Press Esc to cancel.