Author: John BOISGUENE

Nan ane 2024 la, atak ransomware yo kontinye ap ogmante, e yo reprezante yon menas ki toujou prezan pou sekirite enfòmatik biznis yo, gouvènman yo, ak lòt enstitisyon. Atak sa yo, kote kriminèl yo itilize lojisyèl malveyan pou ankripte done viktim yo epi mande yon ranson pou dekripte yo, te rive sou plis òganizasyon pase jan sa te fèt anvan. Poukisa atak ransomware yo ap ogmante? Anpil taktik yo: Kriminèl yo ap chanje metòd yo itilize yo pou vize òganizasyon ki gen sekirite ki fèb oswa sistèm ki pa mete ajou regilyèman . Gen kèk atak ki fèt atravè vòl…

Lire plus

Nan mond dijital la jounen jodi a, gen anpil anak kap fèt, e pèp Ayisyen an pa epanye. Youn nan anak ki fèk parèt se sa yo rele “Testlight”, kote eskro yo ap eseye vòlè enfòmasyon kont Facebook moun, men sa pa rete la. Yo ka vize lòt enfòmasyon sansib oswa kont sou rezo sosyal ak sèvis sou entènèt. Metòd sa a sèvi pou fè viktim yo bay modpas ak non itilizatè yo, e eskrok yo ka pran kont yo e menm vòlè lòt bagay enpòtan. Kijan anak “Testlight” la mache? Anak sa a fèt pou sanble serye e pwofesyonèl,…

Lire plus

Dènyèman, yon gro pwoblèm te rive nan Microsoft Word kote kèk itilizatè te pèdi dokiman yo pandan yo t ap eseye sovgade travay yo. Pwoblèm sa a te parèt sitou sou dènye vèsyon yo e li te vin yon gwo tèt chaje pou moun kap sèvi ak pwogram nan pou travay pwofesyonèl oswa akademik. Ki jan sa te rive? Lè itilizatè yo t ap eseye sovgade dokiman an, olye li sovgade, Word te efase dokiman an konplètman san okenn posibilite pou restore li. Sa vle di tout travay ou te fè, tout imajinasyon ou mete nan dokiman an, disparèt. Kisa…

Lire plus

Yon dekouvèt resan nan domèn sekirite enfòmatik mete aksan sou yon fay grav nan yon pòtay entènèt plizyè konpayi machin ap itilize pou jere machin konekte a distans. Fay sa a ka mete plizyè milyon machin an danje, sa ki pèmèt moun ki fè pirataj enfòmatik (hackers) pran kontwòl machin sa yo san pèmisyon, ak kapasite pou yo louvri pòt yo oswa kontwole kèk fonksyon kritik. Ekspè nan sekirite enfòmatik dekouvri yon feblès nan pwoteksyon sistèm kèk machin konekte. Fay sa a soti nan yon entèfas sou yon pòtay entènèt kote itilizatè yo ka jere plizyè fonksyon nan machin yo,…

Lire plus

Entèlijans Atifisyèl (IA) ap transfòme fason nou viv, travay, e menm kominike. Men pou konprann teknoloji konplike sa a, li kapab difisil pafwa. Se poutèt sa TekTek te pwodui yon seri kat (4) videyo ki disponib sou YouTube pou ede w konprann pi byen IA. Videyo sa yo se yon entwodiksyon konplè pou nenpòt moun ki vle konprann fonksyonman IA, aplikasyon li yo, ak defi li prezante pou lavni. 1. Ki Jan IA Ap Fè Pati Lavi Chak Jou Nou Nan dezyèm videyo sa a, nou montre kouman IA ap chanje plizyè aspè nan lavi nou chak jou, pafwa san…

Lire plus

Entelijans atifisyèl (IA), yon teknoloji ki toujou ap fè nou revè, kounye a fè anpil kreyatè li yo pè. Fondatè IA a, tankou Geoffrey Hinton ak Yoshua Bengio, ap montre kè sote yo jodi a. Yo krenn ke teknoloji revolisyonè sa a, ki sanble san limit, ka rive yon pwen kote li pap ka kontwole pa moun ankò. Nan yon mond kote IA ap devlope pi rapid chak jou, sa yo ki pi byen konprann li ap lanse yon avètisman pou kominote entènasyonal la sou danje ki mache ak yon entèlijans yon lè ki ta ka depase moun. Depi premye…

Lire plus

Entèlijans Atifisyèl (EA) ap kontinye fè moun sezi ak vitès li ap devlope a, pandan lap prezante inovasyon enpresyonan nan divès sektè. Men, anpil moun ap poze kesyon si revolisyon teknolojik sa a pap mennen nou nan yon dezòd. EA se, san dout, yon lam ak de bò. Pandan li ka amelyore kalite lavi nou anpil, li pote tou kèk risk nou pa ka inyore. Mirak EA Jodi a, EA toupatou: depi nan machin ki kondwi pou kont yo rive nan asistan entèlijan tankou Siri ak Alexa, e menm nan lasante ak sistèm dyagnostik ki kapab detekte maladi ak plis…

Lire plus