Google ap prepare youn nan pi gwo chanjman nan istwa motè rechèch li a. Pandan plizyè ane, moun te abitye tape kèk mo sou Google, apre sa yo resevwa yon lis lyen pou yo chwazi sa yo vle li. Kounye a, ak entèlijans atifisyèl, Google vle fè rechèch la vin pi dirèk, pi entèlijan, pi konvèsasyonèl. Olye li sèlman voye moun sou sit entènèt, li ka bay rezime, konpare enfòmasyon, reponn kesyon, epi ede moun kontinye fouye sou yon sijè. Pou anpil moun, sa ka vin yon gwo avantaj. Yon elèv ka konprann yon sijè pi vit. Yon antreprenè ka…
Author: John BOISGUENE
iKat se youn nan gwo nouvèl teknoloji ki make semèn nan ann Ayiti. Se yon nouvo fòm dijital vwayajè yo dwe ranpli pou fasilite antre yo sou teritwa nasyonal la. Nan plas anpil papye moun te konn ranpli anvan, sistèm nan chèche mete enfòmasyon yo sou yon platfòm dijital, pou leta ka pi byen jere done sou moun k ap antre nan peyi a, epi pou pwosedi yo vin pi modèn. Sou papye, lide a bon. Yon peyi ki vle avanse dwe sèvi ak teknoloji pou rann sèvis piblik yo pi rapid, pi klè, pi efikas. iKat ka ede diminye…
Nan ane 2024 la, atak ransomware yo kontinye ap ogmante, e yo reprezante yon menas ki toujou prezan pou sekirite enfòmatik biznis yo, gouvènman yo, ak lòt enstitisyon. Atak sa yo, kote kriminèl yo itilize lojisyèl malveyan pou ankripte done viktim yo epi mande yon ranson pou dekripte yo, te rive sou plis òganizasyon pase jan sa te fèt anvan. Poukisa atak ransomware yo ap ogmante? Anpil taktik yo: Kriminèl yo ap chanje metòd yo itilize yo pou vize òganizasyon ki gen sekirite ki fèb oswa sistèm ki pa mete ajou regilyèman . Gen kèk atak ki fèt atravè vòl…
Nan mond dijital la jounen jodi a, gen anpil anak kap fèt, e pèp Ayisyen an pa epanye. Youn nan anak ki fèk parèt se sa yo rele “Testlight”, kote eskro yo ap eseye vòlè enfòmasyon kont Facebook moun, men sa pa rete la. Yo ka vize lòt enfòmasyon sansib oswa kont sou rezo sosyal ak sèvis sou entènèt. Metòd sa a sèvi pou fè viktim yo bay modpas ak non itilizatè yo, e eskrok yo ka pran kont yo e menm vòlè lòt bagay enpòtan. Kijan anak “Testlight” la mache? Anak sa a fèt pou sanble serye e pwofesyonèl,…
Dènyèman, yon gro pwoblèm te rive nan Microsoft Word kote kèk itilizatè te pèdi dokiman yo pandan yo t ap eseye sovgade travay yo. Pwoblèm sa a te parèt sitou sou dènye vèsyon yo e li te vin yon gwo tèt chaje pou moun kap sèvi ak pwogram nan pou travay pwofesyonèl oswa akademik. Ki jan sa te rive? Lè itilizatè yo t ap eseye sovgade dokiman an, olye li sovgade, Word te efase dokiman an konplètman san okenn posibilite pou restore li. Sa vle di tout travay ou te fè, tout imajinasyon ou mete nan dokiman an, disparèt. Kisa…
Yon dekouvèt resan nan domèn sekirite enfòmatik mete aksan sou yon fay grav nan yon pòtay entènèt plizyè konpayi machin ap itilize pou jere machin konekte a distans. Fay sa a ka mete plizyè milyon machin an danje, sa ki pèmèt moun ki fè pirataj enfòmatik (hackers) pran kontwòl machin sa yo san pèmisyon, ak kapasite pou yo louvri pòt yo oswa kontwole kèk fonksyon kritik. Ekspè nan sekirite enfòmatik dekouvri yon feblès nan pwoteksyon sistèm kèk machin konekte. Fay sa a soti nan yon entèfas sou yon pòtay entènèt kote itilizatè yo ka jere plizyè fonksyon nan machin yo,…
Entèlijans Atifisyèl (IA) ap transfòme fason nou viv, travay, e menm kominike. Men pou konprann teknoloji konplike sa a, li kapab difisil pafwa. Se poutèt sa TekTek te pwodui yon seri kat (4) videyo ki disponib sou YouTube pou ede w konprann pi byen IA. Videyo sa yo se yon entwodiksyon konplè pou nenpòt moun ki vle konprann fonksyonman IA, aplikasyon li yo, ak defi li prezante pou lavni. 1. Ki Jan IA Ap Fè Pati Lavi Chak Jou Nou Nan dezyèm videyo sa a, nou montre kouman IA ap chanje plizyè aspè nan lavi nou chak jou, pafwa san…
